TSK

TSK · 1 Chronicles 6:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a.

¶ Apre sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo: -Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo.

Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.

Akimaz menm t'ap kenbe se pou l' ale, li di: -Nenpòt sa ki rive m', kite m' ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letiopi a. Joab mande l': -Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa.

Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt.

Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!

¶ Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.