TSK

TSK · 1 Chronicles 9:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil.

Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.

Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.

Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.