TSK

TSK · 1 Corinthians 1:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li.

Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.

Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou?

Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.

Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.

Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.

Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

James 5:7 TSK

Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.

Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.

Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.

Jude 1:21 TSK

Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.