TSK

TSK · 1 Corinthians 3:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.

Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.

Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:

¶ Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.

Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.

Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo.

Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.