¶ Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.
TSK
TSK · 1 Corinthians 6:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Proverbs 14:8
TSK
¶ Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.
¶ Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.
Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
James 3:13
TSK
¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.