Genesis 6:2
TSK
Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye.
¶ Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li.
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?