TSK

TSK · 1 John 4:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.

John 3:16 TSK

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.

¶ Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.

¶ Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,

Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou.

Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.

Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.