TSK

TSK · 1 Kings 10:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a,

Wa Siri a reponn: --Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil pyès ajan, simil pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.

Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.

Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.

Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.

Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.