epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
TSK
TSK · 1 Kings 2:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Numbers 27:19
TSK
¶ Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
Deuteronomy 33:1
TSK
¶ Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.
1 Timothy 1:18
TSK
¶ Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.
2 Timothy 4:1
TSK
¶ Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:
2 Peter 1:13
TSK
Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.