Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
TSK
TSK · 1 Kings 2:12
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Samuel 7:29
TSK
1 Kings 1:30
TSK
Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
1 Kings 1:46
TSK
Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.
¶ Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'.
Psalms 72:8
TSK
L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Psalms 132:12
TSK
Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.