Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l' lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pa t' kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò.
TSK
TSK · 1 Kings 2:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.
¶ Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.
Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'.
Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab.
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.