TSK

TSK · 1 Kings 21:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann.

Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape.

Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m' te fè fanmi Jewoboram lan.

Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.

Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.