TSK

TSK · 1 Kings 8:63

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.

Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil ti towo bèf, mil belye mouton, mil jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.

Wa Salomon te ofri venndemil towo ak sanvenmil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.

Apre sa, Jozyas pran trantmil ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan.

¶ Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.

Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.

¶ Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.