TSK

TSK · 1 Peter 1:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!

¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.

John 1:1 TSK

¶ Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.

Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.

¶ Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm.

Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.

Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.

Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.

¶ M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou.