TSK

TSK · 1 Peter 3:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.

¶ Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,

¶ Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.

¶ Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.

Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.

Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.

Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.

Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.

Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a.