TSK

TSK · 1 Samuel 10:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.

Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo.

¶ Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa.

¶ Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.

Titus 3:1 TSK

¶ Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.