TSK

TSK · 1 Samuel 14:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.

¶ Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou.

Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.

Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf.