TSK

TSK · 1 Samuel 17:32

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!

¶ Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.

L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.

Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.

Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.