Genesis 6:11
TSK
¶ Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.
¶ Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!