Moun Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an.
TSK
TSK · 1 Samuel 2:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati.
¶ Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l' konsa. -Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyè a devan David, papa m'. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l'.
¶ Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.
Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
¶ Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.