TSK

TSK · 1 Samuel 20:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.

¶ Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè.

Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.