TSK

TSK · 1 Samuel 20:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.

¶ Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.

¶ Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

¶ Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.