TSK

TSK · 1 Samuel 22:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.

Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.

¶ David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?

Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a.

Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.