¶ Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
TSK
TSK · 1 Samuel 23:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
1 Samuel 18:1
TSK
1 Samuel 20:12
TSK
Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.
1 Samuel 20:42
TSK
Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
2 Samuel 9:1
TSK
¶ Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.