Exodus 15:9
TSK
Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
¶ David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.
Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.
Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.