TSK

TSK · 1 Samuel 25:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.

Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.

Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non.

Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale.

Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou.