Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.
TSK
TSK · 1 Samuel 25:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo.
Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo.
Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
¶ Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.