TSK

TSK · 1 Samuel 25:33

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lènmi l', èske l'ap kite l' al fè wout li san li pa fè l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a.

wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.

¶ Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.

¶ Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.

Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.

¶ Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'.