Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.
TSK
TSK · 1 Samuel 28:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
¶ Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an.
¶ Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.