yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.
TSK
TSK · 1 Samuel 29:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.
¶ Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.
Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a.
Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen.
Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen.
Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.
Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo.