¶ Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.
TSK
TSK · 1 Samuel 30:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Joshua 9:15
TSK
¶ Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.
Judges 1:24
TSK
Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
Ezekiel 17:13
TSK
Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.
Ezekiel 17:19
TSK
Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa.