Numbers 14:1
TSK
¶ Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.
Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè.
¶ Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.