Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: -Leve non, Seyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!
TSK
TSK · 1 Samuel 4:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?
n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an!
Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a.
¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
¶ Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.
¶ Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
¶ Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.
Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.