TSK

TSK · 1 Samuel 5:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an.

Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.

Se sak fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.