TSK

TSK · 1 Samuel 5:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.

Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.

¶ Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan.

Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.

Amos 9:1 TSK

¶ Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.