TSK

TSK · 1 Samuel 8:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.

¶ Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la.

Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.