TSK

TSK · 1 Timothy 4:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.

¶ Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.

Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.

Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.

Titus 2:7 TSK

Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.

¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.