TSK

TSK · 2 Chronicles 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.

Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim.

Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.

¶ Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan.

toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.