TSK

TSK · 2 Chronicles 13:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.

¶ Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l' mete yo anba lòd li ankò.

Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil sòlda sou zòd li.