TSK

TSK · 2 Chronicles 16:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.

Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.

Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?

paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Mark 2:17 TSK

Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.

Luke 6:37 TSK

¶ Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.

Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.