TSK

TSK · 2 Chronicles 16:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

avèk mildesan cha lagè, swasantmil kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a.

Se konsa moun peyi Izrayèl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fò, paske se sou Seyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye.

¶ Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.

Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.