TSK

TSK · 2 Chronicles 17:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa.

Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.

Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo.

Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'.

¶ Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la.

Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè.

Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.