TSK

TSK · 2 Chronicles 17:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.

Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.

yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,

Abija leve yon lame katsanmil vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil vanyan sòlda ki konn goumen.

Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo.