¶ Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.
TSK
TSK · 2 Chronicles 18:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo.
Bondye ede l' goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arabi ki t'ap viv lavil Goubaal yo, ak kont moun Mawon yo.
¶ Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.
Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.
Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.
¶ Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.