TSK

TSK · 2 Chronicles 19:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.

Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou.

Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.

Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.

Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.

Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt.

Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.

Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!

Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.

Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.

Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.