TSK

TSK · 2 Chronicles 19:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,

¶ Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.

¶ Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal.

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.