Salomon menm, bò pa l', bay Iram sanmil barik ble ak sandimil galon lwil oliv chak lanne pou l' bay moun li yo manje.
TSK
TSK · 2 Chronicles 2:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
1 Kings 5:11
TSK
Ezra 3:7
TSK
Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.
Jonah 1:3
TSK
Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a.