TSK

TSK · 2 Chronicles 20:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò.

Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.

Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.

Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.

Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.

Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.

Men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.

¶ Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.