TSK

TSK · 2 Chronicles 20:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.

Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.

Job 11:19 TSK

Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.

Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.