¶ Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
TSK
TSK · 2 Chronicles 22:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men manman an reponn: -Madichon la ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen.
¶ Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.
Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.
Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan.
Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato.